
Ekspedisyon Sekirize
Sèvis prim pou voye kolis ant Florid ak Ayiti ak swivi an tan reyèl ak asirans enkli

Episeri Chwa
Seleksyon espesyal pwodwi alimantè enpòte ki disponib nan Maïsad

Transpotasyon sekirize
Yon ekip ki disponib 7 jou sou 7 pou reponn tout bezwen espesyal ou yo
Biyenvini sou Diasporaexport

Nan Diasporaexport, nou se pon k ap konekte dyaspora Ayisyen an ak fanmi yo nan peyi a. Nou baze usa ak Maïssade, e nou dedye tèt nou pou rann chak echanj ant Etazini ak Ayiti pi fasil, pi rapid, e an sekirite. Konprann bezwen kominote a se nan kè misyon nou, epi nou angaje nou pou asire w ou gen lapè nan lespri avèk chak sèvis nou ba w.
Sèvis Kle Nou Ofri:
- Ekspòtasyon ak Shipping Fyab: Nou asire transpò an sekirite ak rapidite pou tout kolis ki soti Etazini pou Ayiti. Fyabilite nou fè nou patnè ou ka fè konfyans pou tout bezwen ekspòtasyon ou yo.
- Vann Pwodwi Alimantè Fresh: Nan biwo Maïssad nou an, nou ofri yon seleksyon pwodwi alimantè nan biznis nou, chwazi avèk swen pou satisfè fanmi ou yo. Jwenn tout sa ou bezwen.
- Asistans Acha Online San Kat Kredi: Nou konprann defi yo. Si w pa gen yon kat kredi, nou ka ede w kòmande pwodwi sou sit entènèt etranje tankou Amazon, eBay,shein elatriye. Nou senplifye pwosesis la pou ou ka jwenn aksè a tout sa w bezwen, san kontrent.
Vizyon nou se fè chak dyaspora santi yo pi pre Ayiti, san distans fizik pa yon baryè. Nou fyè dèske nou ranfòse lyen kominote yo atravè chak sèvis nou rann, bati sou valè fondamantal tankou transparans, sekirite, ak yon sèvis kliyantèl san parèy.

Sèvis nou yo
Voye Kolis
Transpò an sekirite ak rapid pou Ayiti, avèk swivi an tan reyèl.
Sèvis Kliyantèl
Disponib 7 jou sou 7 pou reponn tout kesyon ou yo.
Poukisa chwazi nou ?
Sekirite
Asirans konplè ak swivi nan chak etap.
Rapidite
Livrezon eksprès pou voye ijan ou yo.
Fyabilite
Yon ekip dedye ak transparan.